WIN $100 GIFT VOUCHERS: PROMOTIONS

Close Notification

Your cart does not contain any items

Neyemi, Leve!

Prensip Bib la sou Fason pou Mennen yon Kominote

Gregory Toussaint

$51.95

Paperback

Not in-store but you can order this
How long will it take?

QTY:

English
Gregory Toussaint
17 December 2023
"""Neyemi, Leve"" yon liv Gregory Toussaint ekri, se yon kokennchenn gid pou nenpòt moun k ap chèche bati yon kominote k ap pwospere. Atravè istwa Neyemi an ki bay enspirasyon, lektè yo ap aprann kalite lidèchip esansyèl, pouvwa yon vizyon kolektif, konfyans, ak enpòtans tèt ansanm. Kit ou detèmine pou w temwen yon vrè transfòmasyon nan kominote ou a, pou ou monte yon ekip nan espas travay ou, oswa pou ou resevwa estrateji ki gen enpak sou fanmi ou, liv sa a bay enfòmasyon pratik pou ede w reyalize objektif ou genyen pou ou bati kominote. Si w ap chèche fè yon enpak ki fò epi kreye yon kominote ki byen chita, ki gen tèt ansanm, liv sa a se plan w pou ou reyisi.

Plizyè milyon moun nan lemonn konn koute ansèyman Bishop Gregory Toussaint. 

Nan ""Neyemi, Leve,"" Evèk Gregory Toussaint bay yon eksplikasyon an detay sou lidèchip ki pwisan ki soti nan istwa biblik sou pakou remakab Neyemi an. Liv kaptivan sa a sèvi tankou yon limyè pou gide nenpòt moun k ap chèche vin yon lidè ki pote chanjan epi fè yon enpak dirab sou kominote yo.

Evèk Gregory Toussaint analize ckak ti pati nan istwa sa ki la pou toutan, li revele prensip ki te pèmèt Neyemi rasanble yon kominote ki te fè miyèt moso, fè fas kare ak advèsite, epi reyalize yon eritaj ki la pou lontan.

Lektè yo pral dekouvri plan pou vin yon vrè lidè tankou Neyemi. Pandan w ap dekouvri pakou Neyemi atravè ""Neyemi, Leve,"" w ap jwenn sajès, gidans, ""Neyemi, Leve"" pouse w pou w monte pi wo pase sa ki òdinè epi dirije ak objektif, entegrite, ak yon kè ki dedye pou byennèt kominote ou a.

Si ou gen angouman pou, dirije ak yon angajman san kondisyon, enspire moun ki bò kote w, epi kite yon eritaj chanjman pozitif, ""Neyemi, Leve"" se yon gid ou pa ka rate. Antre nan ranje nouvo Jenerasyon Neyemi an epi antre nan yon vwayaj ki pral gen enpak sou jenerasyon k ap vini yo. Lè a rive pou prensip transfòmasyon lidèchip sa yo gide chemen w. Ansanm, n ap kanpe.

Jwenn kopi ""Neyemi, Leve"" ou jodi a epi antre nan yon vwayaj lidèchip, kominotè, ak enpak dirab k ap dire lontan."
By:  
Imprint:   Gregory Toussaint
Dimensions:   Height: 229mm,  Width: 152mm,  Spine: 23mm
Weight:   435g
ISBN:   9781639491674
ISBN 10:   1639491678
Pages:   326
Publication Date:  
Audience:   General/trade ,  ELT Advanced
Format:   Paperback
Publisher's Status:   Active

"Gregory Toussaint se yon Ayisyen-ameriken anpil moun rekonèt pou divès wòl li genyen tankou yon PDG, antreprenè, filantwòp, otè liv ki plis vann epi yon konferansye akonpli. Li se Pastè Prensipal ""Tabernacle de Gloire"", li sipèvize yon rezo ki gen plis pase 50 kanpis, ki gen ladan yon kongregasyon aktif ki gen 25,000 manm. Anplis devwa pastoral li, Gregory Toussaint se vizyonè ki dèyè Shekinah.fm, yon platfòm medyatik ki gen plis pase 4 milyon abone e genyen yon mwayèn 4 milyon vizit chak semèn. Enfliyans li pwolonje nan radyo yo tou, kote pwogram radyo ""Bishop Gregory"" li a rive nan 5 milyon kay Ayiti ak nan tout monn nan. Enpak Gregory Toussaint pa limite nan fwontyè lokal oswa nasyonal. Li rive nan 500 milyon kay nan tout monn nan atravè patenarya estratejik ak lòt rezo televizyon. Fason li adapte li nan lang se yon avantaj remakab, paske li pale anglè, fransè, panyòl ak kreyòl ayisyen. Sa pèmèt li konekte ak tout moun yon fason efikas. Nan kesyon edikasyon Gregory Toussaint gen yon pakou enpresyonan tou. Li gen diplòm nan biznis (BS), Dwa (LL.M), ak Teyoloji (Th.M., D.E.A). Angajman li nan edikasyon montre devouman tout lavi li nan plizyè wòl li yo. Apre reyalizasyon pwofesyonèl li yo, Gregory Toussaint jwi yon lavi fanmi ki poze ak madanm li Patricia depi 20 lane. Ansanm, yo gen de pitit gason. Yo rete Miami, Florid, lakay yo. Enfliyans Bishop Gregory Toussaint depase limit, epi li gen anpil moun k ap swiv li nan kominote kretyen an ak lèzòt yo. Ansèyman li yo, ekri ak pale, rezone ak plizyè milyon moun, sa fè de li yon moun ki enspire lèzòt yo e ki gen yon enpak pozitif sou yon pakèt moun. Travay li, ki gen ladan liv li yo, reflete yon eksplorasyon pwofon nan teyoloji kretyen, devlopman pèsonèl, ak lòt sijè ki gen enpòtans pou divès odyans li. An gwo, Bishop Gregory Toussaint kanpe tankou yon moun k ap chanje monn lan nan epòk nou an, li kite yon mak ki pa efase sou Krisyanis kontanporen ak sosyete a an jeneral."

See Also